CTFLUWATCH: Nouvo Lagrip Enfliyenza H1N1 : Enfòmasyon Rezidan Nan Connecticut Dwe Konnen
CT.GOV
CTFLUWATCH
/pftf Website
{CT Flu}

Find a Flu Clinic
Pandemic Flu Facts
About the Swine Flu
Families and Individuals
Schools and Child Care
Government
Workplace and Businesses
Healthcare Providers
Seasonal Flu
Wild Bird Reporting
Media Resources
{ }

H1N1 Haitian Creole

Nouvo Lagrip Enfliyenza H1N1 : Enfòmasyon Rezidan Nan Connecticut Dwe Konnen

Kisa nouvo lagrip H1N1 an ye ?  Nouvo lagrip H1N1, oswa yo konn rele l tou lagrip kochon , se yon enfeksyon repiratwa yon viris pwovoke.  Moun ki gen viris sa kapab pwopaje li lè yo touse oswa estènye. Pifò ka nan peyi Etazini pa t grav jiska prezan.

 

Kòman sentòm nouvo lagrip H1N1 yo prezante ?  Sentòm nouvo lagrip H1N1 yo tankou sentòm lagrip nòmal la, sa vledi lafyèv, tous, mal gòj, doulè nan tout kò, letaji, maltèt, frison e fatig.  Kèk moun rapòte yo te gen dyare ak vomisman avèk nouvo lagrip H1N1 a.

 

Kijan nouvo lagrip H1N1 pwopaje ?  Pwopagasyon nouvo lagrip H1N1 fèt menm jan ak pwopagasyon lagrip sezonyè a. Viris lagrip gaye sòti nan yon moun antre nan kò yon lòt moun prensipalman lè moun ki gripe touse oswa estènye. Pafwa moun kapab enfekte lè yo manyen yon bagay ki genyen viris lagrip la sou li e annapre yo manyen bouch yo oswa nen yo.

 

Kijan pou mwen pwoteje m kont nouvo lagrip H1N1 an ?

Men pibon fason pou w evite pran oswa bay lòt moun nouvo lagrip H1N1 a :

  • Lave men w souvan avèk dlo ak savon, espesyalman apre ou touse oswa ou estènye. Si w pa kapab jwenn dlo ak savon, itilize yon prodwi ki fèt avèk alkòl pou lave men-w
  • Kouvri nen ak bouch ou avèk yon klinèks oswa andedan bra w pou touse oswa estènye.
  • Eseye pa manyen je w, nen w oswa bouch ou. Se konsa jèm yo gaye souvan.
  • Rete lwen moun ki malad.
  • Si w malad, limite kontak ou ak lòt moun pou evite enfekte yo.

Sa yo se menm prekosyon avèk prekosyon yo pran pou lagrip sezonyè a e pou anpil lòt enfeksyon respiratwa.

 

Kisa pou mwen fè si m genyen sentòm ki sanble ak sentòm lagrip ?

Tout moun ki gen lafyèv, e kap touse oswa ki gen malgòj, dwe rete lakay yo e pa ale lekòl oswa nan travay jiska omwens 24è apre lafyèv la (100° F [37.8°C]), oswa siy lafyèv la ale san yo pa bezwen sèvi avèk medikaman pou bese lafyèv. Lave men w souvan. Epitou kouvri bouch ou ak men ou lè w ap touse oswa lè w ap estènye. Rele founisè swen sante w si w malad ase kifè w ta nòmalman ale kay doktè pandan yon sezyon lagrip sezonyè nòmal. Si nòmalman ou pa ta ale kay doktè pou sentòm ou genyen yo koulye a, ou pa bezwen al kay doktè. Ou pa ta dwe ale lopital pou yon maladi ki pa grav, men tout moun ki gen sentòm grav, takou difikilte pou respire, oblije al pran swen sante ak tretman san pèdi tan.

 

Èske mwen dwe fè yon tès pou konnen si mwen genyen nouvo lagrip H1N1 a ?

Si yon konnen ou gen nouvo lagrip H1N1 a, sa p ap afekte tretman medikal w ap resevwa a, men lè yo fè tès pou kèk moun ki kontamine, li kapab ede otorite yo swiv pwopagasyon maladi a.  Yo rekòmande fè tès la sèlman pou moun ki lopital akòz sentòm ki sanble lagrip flou.

 

Èske gen yon vaksen kont nouvo lagrip H1N1 a ?

Alèkile pa genyen vaksen kont nouvo lagrip H1N1 a.  Vaksen kont lagrip sezonyè a pa pwoteje kont nouvo lagrip H1N1 a.  Se poutèt sa bagay ou konn fè nòmalman pou pwoteje tèt ou kont lagrip yo, tankou kouvri bouch ou lè w ap touse, netwayaj men w, enpòtan anpil.

 

Si mwen santi sentòm lagrip la, èske mwen bezwen pran medikaman ?

Medikaman antiviral yo ki rele Tamiflu (oseltamivir) ak Relenza (zanamivir) kapab diminye sentòm nouvo lagrip H1N1 yo e yo enpòtan prensipalman pou moun ki malad grav oswa ki genyen faktè risk konplikasyon poutèt lagrip la.  Pami gwoup moun ki gen pi gwo risk konplikasyon poutèt nouvo lagrip enfliyenza a, genyen jèn timoun, fanm ki ansent ak moun ki genyen maladi kwonik.  Pasyan gripe ki fè pati nan gwoup ki arisk yo dwe chèche tretman pou sentòm lagrip flou. Tretman an kapab apwopriye tou pou manm fanmi yo ki gen faktè risk espesyal, pou ede anpeche enfeksyon an.

 

Kijan siy yon maladi ki grav akòz enfeksyon avèk nouvo enfliyenza H1N1 prezante ?

Pandan pifò ka aktyèl nouvo lagrip H1N1 a pa twò grav jiska koulyè a, moun ki gen lagrip flou dwe konnen kèk maladi pi grav nouvo lagrip H1N1 a kapab pwovoke. Si w tonbe malad e ou gen kèlkeswa pami siy avètisman n ap dekri annare yo, chèche swen medikal touswit.

Pou timoun, men sentòm ki mande atansyon medikal rapid :

  • repirasyon rapid oswa difikilte pou respire
  • po timoun la gen koulè blé
  • timoun la pa bwè ase likid
  • timoun la pa reveye oswa li pa reyaji
  • timoun la fache fasil e li pa vle yo kenbe-l
  • sentòm ki sanble ak sentòm lagrip yo diminye apre yo retounen ak lafyèv e yon latous ki pi rèd
  • lafyèv avèk lagratèl

Pou gran moun yo, men sentòm ki mande atansyon medikal rapid:

  • difikilte pou respire oswa souf ki kout
  • doulè oswa presyon nan pwatrin oswa nan abdomèn (vant)
  • vètij souden
  • konfizyon
  • vomi anpil e souvan

Kisa pou mwen fè si yon moun kap viv ak mwen malad avèk sentòm ki sanble ak sentòm lagrip (flou) ?

Rele founisè swen sante w si moun lan malad ase ou ta nòmalman mennen al wè yon doktè. Sèvi ak menm rezonman an ak pandan sezyon lagrip sezonyè nòmal la. Si w pa nòmalman ta ale wè yon doktè pou sentòm moun la genyen an, ou pa bezwen mennen yo ale wè doktè. Si sentòm yo grav, moun la dwe vizite yon pwofesyonèl swen sante.

 

Kisa pou mwen fè si yon moun kap viv ak mwen konfime li genyen nouvo lagrip H1N1 a ?

Aplike menm prekosyon ou ta pran pou evite enfekte ak lagrip sezonyè a :

  • limite kontak ou avèk moun ki malad la.  Evite kontak ki twò rapwoche tankou bo, pa pataje menm sèvyèt, menm vè, bwòs dan avèk moun ki enfekte a.
  • Evite pou moun vin wè w.  Si vizitè dwe antre nan kay la, se pou yo evite kontak rapwoche avèk moun ki enfekte a.
  • Lave men w ak savon e dlo oswa ak yon prodwi ki fèt ak alkòl pou frote men-w.
  • Lave asyèt sal ak istansil kwizin nan yon lav-vesèl oswa a lamen avèk dlo cho e savon. Se pa nesesè pou ou separe estansil ak manje yon pasyan ki enfekte ak lagrip.
  • Nan pwen pwoblèm pou w fè lesiv ou avèk dlo ak savon oswa dlo fret plis savon lave asyèt.  Se pa nesesè pou separe lesiv pasyan an.

Èske si mwen netwaye kay la, sa va ede anpeche transmisyon maladi a ?

Wi.  Gen etid ki pwouve viris la kapab viv sou sifas yo e gen dwa fè moun malad pandan 2 jiska 8 èdtan li sou sifas la. Pou ede anpeche transmisyon tout sifas solid tankou manch pòt, manch pòt refrijeratè, telefòn, ak sifas twalèt fèt pou lave avèk savon oswa detèjan, rense avèk dlo, apre pou yo dezenfekte yo ak rense yo yon lòt fwa. Dezenfektan yo se prodwi avèk yon etikèt ki make « dezenfektan sètifye ». Si pa gen dezenfektan ki disponib, itilize yon solisyon dlo javèl avèk klò. Pou fè yon solisyon dlo javèl avèk klò, melanje yon kwiyè a soup dlo javèl nan yon ka (4 tas) dlo. Itilize yon twal pou aplike l sou sifas yo e rense yo apre ak dlo. Jete melanj dlo javèl ou fin sèvi avèk li a e fè yon nouvo melanj lè ou bezwen refè netwayaj sa a ankô. Itilize twèl aseptize pou souye atik elektwonik (telefòn, konpitè, telekòmann) yo manyen souvan.

 

Kisa pou mwen fè si anksyete mwen osijè sityasyon sa a egzajere ?

Se yon bagay pozitif pou yon moun chèche jwenn enfòmasyon, men si li chita ap gade rapò sou rapò osijè nouvo lagrip H1N1 kapab penib, espesyalman pou timoun. Paran yo te dwe limite fason timoun yo gade nouvèl yo, gade nouvèl yo avèk timoun yo e diskite avèk yo osijè evènman k ap rive yo.  

 

Èske mwne ta dwe voye timoun mwen yo lekòl ?

Wi.  Pa gen okenn rezon pou moun kenbe pitit yo lakay yo amwens yo malad.

 

Si w ta renmen jwenn plis enfòmasyon konsènan lagrip enfliyenza, ak plis enfòmasyon osijè nouvo lagrip enfliyenza H1N1 a, tanpri ale nan Sit entènèt Siveyans Grip nan Connecticut (Connecticut Flu Watch Website) nan www.ct.gov/ctfluwatch.

(pdf)   

Kijan Pou-w Trete yon Moun ki Enfekte ak Lagrip

 

Konsèy konsènan fason pou pale avèk timoun osijè Nouvo Lagrip H1N1 a

 

Preparasyon Pou Epidemi Lagrip (Enfliyenza): Pran Konsyans, Pare Kò w

 

Pare kò ou pou grip pandemik la (11" x 17" Poster)

 

Grip H1N1 2009 Vaksen A-Viris Inaktive (vaksen kont grip)

 

Grip H1N1 2009 Vaksen A-Viris Vivan, Atenye (vaksen sou fòm espre pou nen)






Home | CT.gov | Send Feedback

State of Connecticut DisclaimerPrivacy Policy, and Web Site Accessibility Policy.  Copyright © 2002 - 2009 State of Connecticut.